Prepozisyon
Pwopozisyon se yon gwoup mo ki gen yon vèb epi ki bay yon lide konplè. Li ka kanpe poukont li oswa li ka depann de yon lòt fraz.
Pwopozisyon se yon fraz senp ki gen sijè + vèb (ak pafwa objè), epi ki ka sèvi kòm pat nan yon fraz pi long.
Egzanp:
- Mari ap li. → Sa se yon pwopozisyon (li gen yon sijè: Mari, ak yon vèb: ap li).
- Lè Mari ap li, Paul ap ekri. → Fraz sa gen 2 pwopozisyon:
1. Lè Mari ap li (pwopozisyon sibòdone) 2. Paul ap ekri (pwopozisyon prensipal)
Nòt:
- Chak pwopozisyon genyen yon sèl vèb konjige. - Yon fraz ka genyen plizyè pwopozisyon.
Gen twa (3) typ prepozisyon
1. Pwopozisyon Kowòdone
- Definisyon: Se lè de fraz oswa plis mete ansanm pa yon konektè kowòdone (tankou: e, men, oswa, donk…).
- Egzanp:
– Li li liv la epi li ekri rezime a. – Mwen te fatige, men mwen te kontinye travay.
---
2. Pwopozisyon Jistapozisyon
- Definisyon: Se lè fraz yo mete youn apre lòt san konektè, men yo separe ak vigil (vègil, pwen-vig, elatriye).
- Egzanp:
– Li vini, li pa di anyen. – Soley leve; zwazo ap chante.
---
3. Pwopozisyon Sibòdone
- Definisyon: Se lè gen yon fraz prensipal epi yon lòt fraz ki depann de li (yo lye pa mo tankou: paske, lè, si, poutèt, ke…).
- Egzanp:
– M ap soti si lapli a sispann. – Li pa vini paske li malad. – Mwen konnen ke li gen rezon.
---
- Rezime:
- Kowòdone → lye pa “e, men, oswa…” - Jistapozisyon → pa gen mo koneksyon, separe ak vigil - Sibòdone → yon fraz depann de lòt, lye pa “paske, si, ke…”